Accessibility links

Breaking News

2 Ti Lous Panda Marasa Pran Premye Pa yo Nan Zoo Paris a


Nan foto sa a ke Zooparc de Beauval pibliye, ti lous panda marasa Yuandudu ak Huanlili pran premye pa yo an piblik, 11 Dec. 2021.
Nan foto sa a ke Zooparc de Beauval pibliye, ti lous panda marasa Yuandudu ak Huanlili pran premye pa yo an piblik, 11 Dec. 2021.

Yo te kòmanse pa grenpe. Apre sa yo glise sou wòch ki genyen lakay yo nan pak zowolojik Beauval la ki sitye nan sid vil Paris.

Finalman sete gwo spektak la -- moman kote ti lous panda marasa yo te mache pou premye fwa devan piblik la.

Ti lous sa yo se femèl yo ye. Yo te pran nesans nan mwad Out la. Non yo se Huanlili ak Yuandudu. Manman yo Huan Huan ak papa yo Yuan Zi se lous Panda la Chinn prete la Frans pou 10 zan, e yap viv nan pak zowolojik Paris a. Jès sa a vize montre bon relasyon la Chin genyen ak la Frans.

Marasa yo se 2èm ak 3èm pitit lous Panda sa yo. Premye a, Yuang Meng, sete premye lous Panda ki te janm pran nesans nan La Frans, e li te fèt an 2017.

XS
SM
MD
LG