Ayiti: MMS la Mande Lidè Gang yo Pou yo Sispann ak Zak Asasinay yo

Haiti Kenya Foreign Police

Misyon miltinasyonal la mande lidè gang yo pou yo kanpe sou zak briganday y ap fè nan peyi a.

Nan yon nòt pou laprès, fòs miltinasyonal la ki gen nan tèt li peyi Kenya, denonse epi kondane "atwosite" gang yo sou popilasyon an.

Nan nòt la, MMS mande lidè gang yo "pou yo sispann zak babaris, vyòl, ekstòsyon, kidnapin, chantaj ak asasinay".

Pandan l ap adrese l ak chèf gang Kraze Baryè a, Vitelhomme Innocent, otorite MMS yo mande lidè gang lan, pou "sispann fè mechanste sou pèp Ayisyen an".

Nan yon operasyon MMS la mennen nan tèt kole tèt kole ak polis nasyonal Ayiti nan Tòsèl, anviwon 20 manm gang Kraze baryè, mouri nan boukantay kout zam ak fòs lòd yo.

Pi lwen, Misyon miltinasyonal pran angajman pou kenbe presyon sou gang yo jiskaske yo rann tèt yo.

Nan kad operasyon fòs lòd yo nan Tòsèl, gen yon cha blende MMS la ki te pran pàn motè, selon sa otorite yo fè konnen.

Nan kèk videyo k ap sikile sou rezo yo, cha blende a ta boule rapyetè.