Akayè: Plis pase 4600 Moun Kouri Kite Kay yo Akoz Atak Gang

FILE PHOTO: Haitian and Kenyan police carry on operations after gang massacre

Dapre yon nòt, Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM), pibliye, yon total 4674 moun, oblije kouri kite zòn Boukasen ki te anba atak nèg ak zam, jedi ki sot pase la.

Anviwon 1067 fanmi te oblije bay talon yo nan Boukasen, selon OIM ki souliye, 43% nan moun ki deplase yo, al chache refij nan sit ki fèt pou sa, nan komin Akayè.

57% nan moun ki kouri yo, desann kay yon zanmi ou fanmi pwòch.

N ap raple, gen pou pi piti 3 moun ki pèdi lavi yo nan atak gang sa. Manm gang yo te boule plizyè kay ak machin sou wout.