Lapolis Mete Anba Kòd 2 Manm Gang Kokorat Sans Ras

Polsye PNH konfwonte gang ame yo tou pre Pale Nasyonal la nan Potoprens, 21 Mas, 2024.

Lapolis Nasyonal Ayiti fouke 2 jenn gason pou enplikasyon prezime yo nan aktivite ki gen pou wè ak gang Kokorat sans ras.

PNH la anonse yo mete anba kòd Fredlaire Metellus, alyas Dabò, gras a yon filati sèvis depatmantal polis jidisyè (SDPJ) nan Gonaives te fè.

Selon sa otorite yo fè konnen, gang kokorat sans ras la ta pral enstale Fedlaire Metellus, nan lolakite Pasrèl, nan komin Enri.

Yon lòt bò, lapolis di li mete men nan kòlèt Edson Arisma ki gen sèlman 18 lane sou tèt li.

Selon sa fòs lòd yo fè konnen, Edson Arisma, se chofè 2e chèf gang Kokorat san ras la, Gerber Tilus, alyas Benjy.

N ap raple, PNH la ogmante operasyon l yo nan depatman Latibonit pou kwape aktivite gang yo, depi atak gang Savyen an te lanse kont popilasyon. Pandan atak sa, gang Gran grif la te touye pou pi piti 70 moun