Washington Sanksyone Sektè Petwòl Iranyen an Akoz Atak Iran Te Fè sou Izrayèl la

FILE PHOTO: Illustration shows Iran flag, oil pump jack and stock graph

Etazini anonse Vandredi 11 oktòb la yon seri sanksyon ki vize endistri petwòl Iran an, yon "repons ak atak premye Oktòb yo te fè sou Izrayèl, dezyèm atak dirèk ane sa yo te fè kont Izrayèl."

Dapre yon nòt pou laprès ki soti nan Depatman Trezò ameriken an, sanksyon yo vize tout sektè a, ladan yo tou, gen anviwon 20 bato ak konpayi ki baze aletranje, yo di bato sa yo te patisipe nan transpò petwòl Iranyen ak materyèl "pétrochimique" li yo.

Konpayi yo sitou vize yo, gen baz yo Lachin, men 2 nan konpayi yo nan Emira ak youn ki nan Liberya, tout tonbe anba seri sanksyon sa yo.

Menm jan an tou, sanksyon sa yo vize, pwopriyetè bato ki nan Panama, Malezi oswa Zile Marshall yo.

Depatman Trezò di objektif yo se "ogmante presyon finansye a sou Teheran ak "limite kapasite rejim nan pou li kapab fè lajan pou li pa destabilize rejyon an ak atake patnè Etazini yo aletranje".