Ayiti: Anbasadè Etazini an Vizite Konsèy Prezidansyèl la

Le Président du Conseil Présidentiel de Transition S.E.M. Leslie Voltaire, a reçu l'Ambassadeur des États-Unis, S.E.M. Dennis B. Hanskins

Anbasadè Etazini an an Ayiti, Dennis B. Hankins, vizite ayè mèkredi 9 oktòb la, konsèy prezidansyèl tranzisyon an (KPT) nan Villa d'accueil.

Diplomat ameriken an fè vizit sa 2 jou apre enstalasyon Leslie Voltaire nan tèt konsèy prezidansyèl la.

Pandan vizit koutwazi sa, Dennis Hanskins felisite KPT pou travay y ap fè pou yon tranzisyon nan lapè.

Diplomat la bay konsèy prezidansyèl la asirans peyi Etazini vle kontinye kolabore ak yo.

N ap raple Leslie Voltaire ki nan tèt KPT a, te ranplase Edgard Leblanc Fils lendi ki sot pase a.