Saint-Marc: Majistra a Di, Kantite Moun ki Mouri, Nan Atak Gang Gran Grif la rive nan 115

HAITI-VIOLENCE/

PONT-SONDÉ, Ayiti (AP) — Myriam Fièvre, majistra vil Saint-Marc la di, kantite moun ki pèdi lavi yo nan yon atak tèrib gang ame te fè semèn pase a nan Pont Sondè rive nan 115.

Nan dat 3 oktòb semenn pase a gang Gran Grif te atake sitwayen ki ap viv nan Pont-Sondé, nan depatman Latibonit.

Myriam Fièvre, majistra vil Saint-Marc la di jodi Mèkredi a "kantite moun ki pèdi lavi yo nan atak la kontinye ap ogmante, kounye a li 115.

Majistra a kontinye pou l di ke chif sa yo ta gen anpil chans pou yo kontinye ogmante paske otorite yo toujou ap chèche kadav epi yo pa't kapab jwenn aksè nan kèk zòn nan vil la.