Bakaloreya: Depatman Lwès Fè Anpil Pwogrè

Haiti Struggles to Begin Free Public Education

Rezilta egzamen bakaloreya pou depatman Lwès ak Sid yo disponib. Lwès fè anpil pwogrè avèk 49% nan elèv ki t al konpoze nan egzamen yo reyisi, selon Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ki pi pibliye rezilta yo pou depatman sa week-end nan.

Sou 43,447 kandida, se sèlman 21,473 ki reyisi. Sa ki reprezante 49.42%.

Sepandan, malgre plis pase 50% nan elèv yo pa pase, depatman lwès la fè anpil pwogrè.

Ane pase, se sèlman, 32.25% ki te reyisi nan depatman sa. Ane sa, to reyisit la monte a 49%. 17% anplis parapò ak ane pase.

Pou depatman Sid la, plis pase 60% nan elèv ki te al konpoze yo reyisi.

Department Sid la fè gwo pwogrè tou parapò ak ane pase. Mwens pase 40% elèv nan Sid te reyisi ane pase. Ane sa to reyisit la grenpe monte man pou rive nan 60%.

Pou kounya, rezilta yo disponib pou 9 depatman. Sèl Nòdwès ki poko jwenn rezilta pa l yo.

MENFP fè konnen rezilta Nòdwès yo ap pibliye nan jou k ap vini la yo