Iran di L ap Atake 'Tout Enfrastrikti' Izrayèl si yo Atake l

سرلشکر محمد باقری، رئیس ستاد کل نیروهای مسلح جمهوری اسلامی Mohammad Bagheri

Chèf lame Iran majò jeneral Mohammad Bagheri, te fè konnen Iran ap frape "tout enfrastrikti” Izrayèl si jamè yo ta atake l pou yo ta riposte pou atak ak misil yo te fè Madi a.

Jeneral Bagheri te di nan televizyon leta Iranyen an si Ameriken ak peyi Ewopeyen k ap sipòte " rejim Siyonis la, ki fin pèdi tèt, pa fè yo mete dlo nan diven yo, yo kite l kontinye kontinye krim sa yo oswa aji kont souverènte ak entegrite teritoryal nou.

Operasyon tankou sa ki te fèt nan Madi swa a pral repete ak pi gwo fòs epi n ap vize tout enfrastrikti yo genyen lakay yo."