Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Dapre Lame Izrayelyen an, Misil Iran Tonbe Sou Baz Ayeryen Li Yo

ISRAEL-PALESTINIANS/LEBANON
ISRAEL-PALESTINIANS/LEBANON

Lame Izrayelyen an di Mèkredi 2 oktòb la ke misil Iran te tire pandan gwo atak li te lanse madi swa kont Izrayèl tonbe sou baz ayeryen peyi a, men yo asire ke atak la pa fè okenn domaj.

Deklarasyon an te di "Pandan atak Iranyen yè a, plizyè misil tonbe sou baz "fòs ayeryen" Izrayelyen an".

Okenn enfrastrikti... Pa't domaje, "lame a te di nan yon deklarasyon, e li te ajoute, atak la pa lakòz okenn blese oswa domaj avyon yo.

See all News Updates of the Day

Kominote Entènasyonal la Kondane Atak Izrayèl la

Kominote Entènasyonal la Kondane Atak Izrayèl la
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:33 0:00

Izrayèl bay Etazini garanti ke li pap atake ni sit nikleyè ni enslatasyon petwolye Iran .

Konsèy Sekirite LONU Eksprime Gwo Kè Sote Pa Rapò ak Atak Izrayèl Lanse kont UNIFIL

Yon avyon dekole nan ayeropo entenasyonal Rafik Hariri pandan lafimen frap ayeryen Izrayel kontinye pwopaje sou Dihiyeh, Bewout, Liban, 14 Oktob, 2024.
Yon avyon dekole nan ayeropo entenasyonal Rafik Hariri pandan lafimen frap ayeryen Izrayel kontinye pwopaje sou Dihiyeh, Bewout, Liban, 14 Oktob, 2024.

Konsey Sekirite Nasyonzuni eksprime gwo ke sote li genyen nan moman Izrayel lanse atak kont epi blese manm fos mentyen lape LONU nan sid Liban pandan lap entanfisye bagay li. LONU reitere ke moun sa yo ap jwe yon wol sipò pou ranfòse sekirite rejyon an.

Deklarasyon LONU pibliye Lendia se premye deklarasyon ajans Nasyonzuni ki gen plis pouvwa a pibliye depi Izrayel te pran tire sou pozisyon fòs mentyen lape ki rele UNIFIl la.

Chef fòs mentyen lape LONU an di jounalis yo ke Sekrete Jeneral Antonio Guterres konfime Lendi ke sòlda mentyen lape yo pral rete nan tout pozisyon yo malgre Izrayel lanse apel ba yo pou yo pran direksyon nò a.

Izrayel ogmante kanpay li kont Hezbollah nan Liban atrave teritwa LONU jere ki sitye ant Izrayel ak Liban.

Izrayèl Atake Plis Pozisyon nan Lagè li ak Hezbollah

Izrayèl Atake Plis Pozisyon nan Lagè li ak Hezbollah
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:24 0:00

Izrayèl atake plis pozisyon nan lagè li ak Hezbollah ke Iran apiye nan Liban, e li touye omwen 18 moun nan premye atak li sou vil Aitou nan nò a, kote majorite moun yo se kretyen, dapre sa Lakwa Wouj nan Liban di.

Washington Sanksyone Sektè Petwòl Iranyen an Akoz Atak Iran Te Fè sou Izrayèl la

FILE PHOTO: Illustration shows Iran flag, oil pump jack and stock graph
FILE PHOTO: Illustration shows Iran flag, oil pump jack and stock graph

Etazini anonse Vandredi 11 oktòb la yon seri sanksyon ki vize endistri petwòl Iran an, yon "repons ak atak premye Oktòb yo te fè sou Izrayèl, dezyèm atak dirèk ane sa yo te fè kont Izrayèl."

Dapre yon nòt pou laprès ki soti nan Depatman Trezò ameriken an, sanksyon yo vize tout sektè a, ladan yo tou, gen anviwon 20 bato ak konpayi ki baze aletranje, yo di bato sa yo te patisipe nan transpò petwòl Iranyen ak materyèl "pétrochimique" li yo.

Konpayi yo sitou vize yo, gen baz yo Lachin, men 2 nan konpayi yo nan Emira ak youn ki nan Liberya, tout tonbe anba seri sanksyon sa yo.

Menm jan an tou, sanksyon sa yo vize, pwopriyetè bato ki nan Panama, Malezi oswa Zile Marshall yo.

Depatman Trezò di objektif yo se "ogmante presyon finansye a sou Teheran ak "limite kapasite rejim nan pou li kapab fè lajan pou li pa destabilize rejyon an ak atake patnè Etazini yo aletranje".

Etazini Pral Deplwaye yon Sistèm Antimisil kont Iran nan Izrayèl

BAE Systems to deliver advanced ballistic missile seekers
BAE Systems to deliver advanced ballistic missile seekers

Pentagòn te anonse dimanch deplwaman an nan peyi Izrayèl la yon sistèm defans antimisil Ameriken THAAD, ki pral opere pa lame Etazini, apre atak misil Iran.

Sekretè Defans lan, Lloyd Austin, "te otorize deplwaman yon batri THAAD ak yon ekip pèsonèl militè ameriken an Izrayèl pou ede ranfòse defans ayeryen Izrayèl la apre atak san parèy Iran te fè yo 13 avril ak nan dat premye oktòb ankò".

Se Pòtpawòl Pentagòn Jeneral Pat Ryder nan yon deklarasyon ki te presize yon latriye THAAD te deja deplwaye ann Izrayèl apre atak Hamas yo 7 oktòb 2023 a, epi anvan sa an 2019.

Load more

XS
SM
MD
LG