Ayiti: Plis Pase 700 Mil Moun Kouri Kite Kay yo Akoz Vyolans Gang Yo

A mental health worker speaks to a small crowd of internally displaced people at a local church in the Delmas district of Port-Au-Prince, Haiti, June 11, 2024.

Plis pase 700 mil moun kouri kite kay yo akoz pwoblèm imanitè grav ak vyolans gang yo, daprè yon rapò Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM).

Pou kòmansman mwa septanm lan, OIM di li an anrejistre yon total de 702.973 moun ki oblije kouri kite zòn kote yap viv la pou al abrite nan lòt katye.

Yon ogmantasyon 22% pa rapò a sa OIM te resanse nan mwa jen an.

Pifò nan moun sa yo al refijye yo nan vil pwovens yo, tankou gran sid peyi Ayiti ki akeyi 45% nan moun ki pa gen lòt chwa, sinon kouri kite zòn lakay yo.

Gen lòt moun ki oblije al viv nan kan oubyen fanmi dakèy.

Responsab OIM an Ayiti a, Gregoire Goodstein, deklare."Ogmantasyon moun k ap kouri kite kay yo montre nan ki pwen sitiyason sa dwe jwenn yon solisyon imanitè prese prese".

Anplis de sa, selon rapò sa ki pi pibliye ayè madi a, mwatye nan moun ki kouri kite kay yo a, se timoun.

Yon stiyasyon ki bay anpil kè sote.

OIM pwofite mande ak kominote entènasyonal pou ranfòse èd y ap bay moun ki al nan lòt zòn yo akoz pwoblèm gang yo.

Lapolis bò kote pa l kontinye mennen operasyon plizyè kote nan peyi a pou kwape bandi e retabli sekirite nan peyi a.