Nasyonzini: Nan yon Diskou Piman Bouk Kont Loksidan, Larisi Pale sou Kapasite nikleyè li

Menteri Luar Negeri Rusia Sergei Lavrov saat menyampaikan pidato di Sidang Umum PBB ke-79 di markas besar PBB, New York, AS, 28 September 2024. (Foto: Eduardo Munoz/Reuters)

Chèf diplomasi Larisi a avèti kont "nenpòt tantativ pou batay pou ranpòte laviktwa ak yon peyi ki gen zam nikleyè."

Samdi nan Asanble Jeneral Nasyonzini Minis Afè Etranje Ris la, Sergei Lavrov, te fè deklarasyon sila, 3 jou apre Prezidan Ris la, Vladimir Putin, te anonse yon chanjman nan doktrin nikleyè peyi l.

Diskou Lavrov te plen ak kondanasyon sou sa Moskou wè kòm machinasyon Loksidan nan Ikrèn ak lòt kote, menm anndan Nasyonzini tou.

Lavrov te akize Loksidan pou fason y ap itilize Ikrèn kòm zouti estratejik pou eseye "kraze" Moskou.

Lavrov te pale sou sa li te rele "stipidite" ak danje ki gen nan lide pou eseye goumen ak yon peyi ki gen yon pisans nikleyè.

" Epi, li te ensiste pou l di, Larisi se youn nan pisans yo.