Accessibility links

Breaking News

Etazini Bay Ikrèn $375 Milyon Èd Militè


Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

WASHINGTON (AP) — Ofisyèl peyi Etazini di administrasyon Biden ap voye bay Ikrèn yon kantite bonb, yo pa devwale, ki gen frap mwayen ak yon seri rokèt, atiray, ak machin blende nan kad yon èd militè ki totalize apeprè $375 milyon dola.

Ofisyèl yo espere fè yon anons Mèkredi, pandan reyinyon lidè mondyal yo nan Asanble Jeneral LONI an. Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelensky ap pwofite prezans li lòt bò a pou ranfòse sipò epi konvenk Etazini pou otorize sòlda li yo sèvi ak zam long distans pou frape pi fon nan Larisi.

Nan jou k ap vini yo, Zelensky ap rankontre ak Prezidan Joe Biden epi Vis Prezidan Kamala Harris Washington DC.

Ofisyèl peyi Etazini yo ki te pale sou èd sa ak vle rete anonim paske enfòmasyon sa yo poko anonse piblikman.

XS
SM
MD
LG