Nazyonzini: 3661 Moun Pèdi Lavi yo Akoz Vyolans Gang yo an Ayiti

HAITI-VIOLENCE/

Soti mwa janvye pou rive mwa jen 2024, pou pi piti gen 3661 moun ki pèdi lavi yo an Ayiti akoz vyolans gang yo.

Daprè yon rapò Nasyonzini pibliye jodi vandredi a, nivo vyolans yo rive nan yon nivo san parèy an Ayiti, kote gang yo ap fè e de fè nan peyi a.

Volker Türk ki se komisè Nazyonzini dwa moun nan rapò sa denonse nivo vyolans lan nan peyi a li deklare "Pèsòn moun pa dwe pèdi lavi yo akoz kriminalite fou sa".

Volker Türk ajoute "vyolans yo rive nan yon nivo nou pa janm wè depi 2023".

Selon rapò a, viktim kadejak yo ap ogmante pa pil pa pakèt nan peyi a depi mwa janvye 2024 la. Gang yo itilize vyolans seksyèl pou simaye la perèz epi domine popilasyon an.

Nap raple vyolans gang fòse plis pase 600 mil moun kouri kite lakay yo, pou al abrite nan lòt zòn oubyen nan kan.

Anplis de sa, rapò Nasyonzini an souliye gen pou pi piti 860 moun ki mouri, 393 blese, pami yo 36 timoun, nan operasyon lapolis mennen nan Pòtoprens.

Nasyonzini pwofite mande Polis Nasyonal Ayiti a pou evite fè eksè pou ka prezève lavi moun.