Ministè Edikasyon Nasyonal Pibliye Rezilta Egzamen Bakaloreya yo pou Nò ak Nòdès

Students strike poses at the end of their school day, in Cap-Haitien, Haiti, April 17, 2024.

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pibliye, mèkredi, rezilta egzamen Bakaloreya yo, pou 2 lòt depatman: Nip ak Sid.

Anviwon 24è apre li te anonse rezilta yo pou depatman Nò ak Nòdès, MENFP enfòme rezilta egzamen yo pou depatman Sid ak Nip yo disponib tou nan direksyon departmental edikasyon pa yo.

Nan yon kominike sou paj Facebook li, ministè a fè konnen, se sèlman 36.88% elèv nan depatman Sid ki te al nan egzamen bakaloreya ane sa ki reyisi.

Sou yon total 6372 elèv ki te al konpoze nan Sid, gen 2350 ladan yo ki pase.

Pou depatman Nip lan, te gen 3922 elèv ki te al konpoze ane a. 2629 ladan yo pase. Sa ki reprezante yon to reyisit de 67.03%

Nan 4 depatman kote rezilta egzamen yo disponib, se Nip ki gen pi gwo to reyisit la. Lòt depatman yo pa menm rive nan 50%.

An atandan rezilta yo disponib pou lòt depatman yo, MENFP envite direktè lekòl nan NIP, Sid, Nò ak Nòdès pou pase pran rezilta pa yo a nan direksyon depatmantal edikasyon yo.