Accessibility links

Breaking News

Etazini pran sanksyon kont ansyen depite Prophane Victor


 Prophane Victor
Prophane Victor

Peyi Etazini anonse li pran sanksyon kont ansyen manm palman ayisyen an, Prophane Victor, pou enplikasyon l nan bay gang zam pou fè vyolans sou popilasyon an.

"Etazini sanksyone yon ansyen manm Palman ayisyen an, Prophane Victor, pou wòl li nan fòmasyon, sipò ak ame gang ki responsab vyolasyon grav dwa moun an Ayiti", gouvènman Peyi Etatzini anonse mèkredi 25 septanm lan.

Nan yon kominike gwoup ekspè Naztonzini yo, deklare Ansyen palmantè a jwe yon wol enpòtan nan kriz ki gen an Ayiti a.

Yon lòt bò, Etazini anonse sanksyon tou kont chèf gang Gran Grif, Luckson Elan, pou patisipasyon li nan vyolasyon dwa moun nan depatman Latibonit.

Nivo vyolans ak mechanste gang yo deplwaye kont popilasyon an san parèy e yo bafwe dwa moun, selon gouvènman ameriken an ki pwofite renouvle angajman l pou kontinye goumen kont zak vyolans kèlkeswa kote yo fèt la

XS
SM
MD
LG