Sèvis Sekrè yo ap Mennen Ankèt sou Yon Ajan yo ki ta Sanble Manyen yon Anplwaye Harris

(FILES) US Vice President Kamala Harris makes her way to board a plane before departing from Andrews Air Force Base in Maryland on June 14, 2021. Harris is traveling to Greenville, South Carolina to kick off a national vaccination tour.

PITTSBURGH (AP) — Akizasyon tonbe so do yon ajan Sèvis Sekrè Lèzetazini paske li ta sanble manyen epi tizonnen yon anplwaye kandida prezidansyèl demokrat la Kamala Harris pandan yon vwayaj semenn pase a.

Se sa twa moun ki konn dosye a ki pa t vle non yo site te rakonte Ajans nouvèl AP.

Ajan an t ap vwayaje ak manm ekip ofisyèl Vis-Prezidan Kamala Harris la semenn pase a pandan manm ekip la t ap chèche espas pou yon potansyèl vizit kandida prezidansyèl Demokrat la.

Biwo Harris la te di nan yon deklarasyon “nou gen zewo tolerans pou move kondwit seksyèl" e biwo a pran "sekirite anplwaye l yo oserye."