Haitian Bridge Alliance Asiyen Trump ak Vance pou Dezenfòmasyon yo Pwopaje sou Migran Ayisyen yo

Foto Achiv: Kandida prezidansyel ak vis prezidansyel pati Repibliken an - ex Prezidan Donald Trump ak Senate Ohio JD Vance nan Nouyok, 11 Sept. 2024.

Haitian Bridge Alliance yon oganizasyon non-gouvenmantal ki travay ak migran Ayisyen yo envoke dwa sitwayen genyen pou asiyen yon moun - epi depoze yon dosye legal kont ansyen Prezidan Donald Trump ak kolistye li, Senate Ohio JD Vance.

Dosye legal la akize Trump ak Vance pou kawo ak menas vil Springfield nan eta Ohio ap sibi depi Trump te pwopaje mansonj sou imigran kap viv legalman nan vil la pandan deba prezidansyel la.

Haitian Bridge Alliance pase a l aksyon Madi apre pwokire lokal la te rete bra kwaze.

Dosye legal ke sitwayen prive depoze ra, men se pa yon bagay ki poko janm fet Ohio.

Yon pòtpawòl kanpay Trump-Vance la di mesye yo gen dwa "mete aksan" sou echek sistem imigrasyon administrasyon Biden nan.