Ministè Edikasyon Nasyonal Pibliye Rezilta Egzamen Bakaloreya pou Depatman Nò ak Nòdès

Students attend a math class at the Jean Marie Vincent High School in Port-au-Prince, Haiti, Thursday, July 25, 2024.

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmansyon Pwofesyonèl (MENFP)pibliye madi 24 Septanm la rezilta egamen bakaloreya pou depatman Nò ak Nòdès.

Pou deptaman Nò, se sèlman 46.72% ki reyisi nan egzamen an.

Dapre rezilta Ministè a piblibliye, sou 11694 elèv ki te konpoze nan egazamen bakaloreya yo nan deptaman Nò peyi a, se sèlman 5463 ki pase.

Lòt yo echwe nan egzamen an

Se komin Lenbe ki gen pi bon to reyisit pou depatman Nò a. Sou 1422 elèv ki te patisipe nan egzamen an nan Lenbe, gen 914 ki reyisi, sa ki reprezante 64.28%.

Gran rivyè di nò gen 58.7% ki pase, tandiske komin Okap gen 44.35% ki pase.

Pou deptaman Nòdès la, kote k te genyen 1104 elèv te ale nan egzamen an, se sèlman 371 ki reyisi, sa ki bay yon to reyisit 33.61%.

Nan komin ki depatman Nòdès yo, se “Monbin Crochu” k ap mennen, 178 elèv sou 192 ki te patisite reyisi egzamen an.

Sa ki vle di 92.71% elèv nan Monbin Crochu pase.

Ministè Edikasyon Nasyonal mande ak tout direktè lekòl nan Nò ak nan Nòdès pou pase pran rezilta yo nan direksyon depatmantal yo pou paran ak elèv yo ka jwenn rezilta yo.