Accessibility links

Breaking News

Plis Pase 9 Milya Goud Dekese Pou Pwogram Sosyal


Haiti Daily Life
Haiti Daily Life

Gouvènman peyi Ayiti lanse ayè lendi a yon kokenchen pwogram sosyal nan lide pou ede gwoup moun ki pi vilnerab yo. Leta dekese plis pase 9 milya goud pou finanse pwogram sa ki gen 22 pwojè ladan l.

Nan yon konferans pou laprès, ministè afè sosyal anonse y ap remete sou pye yon pwogram ijans pou ede fanmi ki pi vilnerab yo an Ayiti. Nan kad pwogram sa, ministè edikasyon nasyonal resevwa yon chèk 5 milya goud pou ede paran yo prepare antre lekòl la

Ministè edikasyon nasyonal ap kolabore ak FAES pou bay 20 mil goud ak plis pase 260 mil paran pou ede yo nan efò y ap fè pou voye piti yo lekòl ane sa.

Nan kad pwogram sa, gouvènman an konte distribiye 2 milyon plat manje nan tout peyi a ak moun ki pi vilnerab yo. Fanm ki nan prizon yo tou ap jwenn plat manje, selon sa leta anonse.

Pwogram sa ki jwenn sipò "Fond Monetaire International (FMI)" prevwa ede moun k ap kouri kite kay yo akoz vyolans ki gen nan zòn kote yo rete a, moun ki nan sektè agrikilti, moun k ap fè biznis, moun ki ap viv nan katye cho elatriye.

Anpil benefisyè ap resevwa lajan sou kont Mon Cash yo ou kont NatCash yo

XS
SM
MD
LG