Gwo Boukantay Kout Zam ant Izrayèl ak Hezbollah Lakoz 560 Moun Mouri

Lafimen monte apre frap ayeryen Izrayelyen yo kont ilaj Nabatiyeh, nan Liban, 23 Sept. 2024.

Izrayèl ak Hezbollah ap twoke atak ankò nan moman bilan viktim yo apre yon bonbadman masiv Izrayelyen rive nan prèske 560 moun.

Te gen yon nouvo frap ayeryen Izrayelyen tou kont yon banlye nan sid Bewout Madi, nan moman yo tap boukante kout zam sou fwontyè a.

Plizyè milye moun kouri kite sid Liban Lendi, e aktivite yo rive nan nivo kote moun pè pou agresyon an pa vinn tounen yon lagè tout bon.

Fanmi ki oblije kite kay yo ap domi nan abri ke yo enstale nan lekol nan Beiwout ak nan vil Sidon ki sitye sou kot la.

Otèl yo sichaje ak moun oubyen yo ogmante pri chanm yo 17 wotè, kivledi anpil fanmi pa gen lajan ase pou rete la. Sa ki pa gen mwayen yo te dòmi nan machin yo oubyen nan pak tou pre lanmè, si abri yo pat gen ase plas pou yo.