Venezyela: Urrutia di li Siyen Yon Lèt ki Rekonèt ke Maduro Genyen Eleksyon Yo Anba Presyon

(FILES) Venezuelan opposition presidential candidate Edmundo Gonzalez Urrutia shows his ballot as he votes at the Santo Tomas de Villanueva school in Caracas during the presidential election on July 28, 2024.

"Mwen te oblije siyen pou m te gen otorizasyon pou m kite peyi a," se sa kandida opozisyon Venezyelyen Edmundo Gonzalez Urrutia te di. Misye ajoute ke li te ekri "anba presyon" yon lèt ke otorite yo te rann piblik kote li te di ke li "respekte" desizyon tribinal la pran pou valide reziltal eleksyon yo.

"Pwezidan Asanble Nasyonal la, Jorge Rodriguez, ak Vis Prezidan Repiblik la, Delcy Rodriguez, te prezante m 'yon dokiman ke mwen te dwe siyen pou yo te otorize m kite peyi a.

Sa vle di, mwen te oblije siyen dokiman sila oswa fè fas ak konsekans yo,” eksplike Mesye Gonzalez Urrutia nan yon videyo sou rezo sosyal yo.

Kandida opozisyon an te jwenn azil politik nan men Espay 8 septanm nan.

Li te sijè a yon manda arestasyon.

Mèkredi, Sena Panyòl la te mande pou Madrid pou rekonèt Urrutia kòm prezidan eli Venezyela.

Chanm espayòl la te pran menm desisyon semèn pase a.

Li te kontinye pou l di "Te gen anpil presyon ak chantaj , mwen te panse mwen te kapab pi itil lib olye ke mwen nan prizon".

"Kòm prezidan eli pa milyon ak dè milyon de vòt Venezyelyen ki te vote pou chanjman, demokrasi ak lapè, mwen p'ap kite yo met baboukèt kont mwen.