Kèk sous di AP Etazini ap prepare akizasyon kriminèl pou zak pirataj kote Iran ta vize Trump

Attorney General Merrick Garland speaks to the U.S. attorneys gathered for their annual conference at the Department of Justice headquarters in Washington, Sept. 12, 2024.

WASHINGTON (AP) — Depatman Jistis ap prepare akizasyon kriminèl ki gen rapò ak yon zak pirataj kote Iran ta vize kanpay prezidansyèl Donald Trump la.

Sa se dapre de moun ki abitye ak pwoblèm nan e ki te pale Jedi sou kondisyon pou non yo pa site. Li pa imedyatman klè ki lè otorite ameriken yo ka lanse akizasyon yo oswa di ki moun ekzakteman yo pral vize.

Men sa se rezilta yon ankèt FBI ki jwenn ke pirat yo te rantre nan sistèm kanpay Trump la, e anketè nan divès ajans te konkli byen vit se yon efò kote Iran te chache enfliyanse eleksyon prezidansyèl Etazini ane sa a.

Pawòl sou akizasyon kriminèl koumanse pale nan moman Depatman Jistis te alète gouvènman an sou efò agresif peyi tankou Larisi ak Iran pou yo mele nan eleksyon an.