Etazini: Anplwaye Boeing yo Lanse yon Grèv

A Boeing worker wears a mask while holding a 'Happy Strike Day' sign after union members voted overwhelmingly to reject a contract offer and go on strike Sept. 13, 2024, outside the company's factory in Renton, Wash.

Anplwaye Boeing nan rejyon Seattle, Ozetazini, te vote Jedi nan aswè pa yon gwo majorite an favè yon grèv efektiv imedyatman. Yo rejte pwopozisyon nouvo akò ke manifakti avyon Ameriken an te fè. Sendika yo te anonse lansman grèv sila.

Travayè yo te vote 96% pou fè grèv, dapre sa Jon Holden, prezidan sendika machinis IAM-District 751 te di "Nou pral fè grèv a minwi", oswa a 07:00 GMT nan Vandredi.

Gwoup Boeing te deklare ke li te "angaje" nan negosyasyon malgre vòt anplwaye li yo nan rejyon Seattle an favè yon grèv ki ta dwe kòmanse Vandredi, ak rejè nouvo akò yo a.

Boeing te di nan yon deklarasyon "Nou rete angaje pou repare relasyon nou ak anplwaye nou yo ak sendika a, epi nou pare pou retounen sou tab negosyasyon an pou rive jwenn yon nouvo akò".