Gwo Tansyon Diplomatik ant Madrid ak Caracas

Gwo Tansyon diplomatik ant Madrid ak Caracas, ki jedi raple anbasadè li ann Espay pou konsiltasyon kèk èdtan apre prezidan gouvènman an, Pedro Sanchez, te resevwa opozan venezuelyen an Edmundo Gonzalez Urrutia, ki te pran azil nan Madrid depi dimanch.

An repons a yon deklarasyon ke Minis Defans Panyòl la, Margarita Robles te fè, kote li te dekri gouvènman Nicolas Maduro kòm yon "diktati", Venezyela "deside raple anbasadè Venezyelyen an" Gladys Gutierrez "pou konsiltasyon", dapre sa Minis Afè Etranjè Venezyelyen an. Yvan Gil te anonse sou rezo sosyo.

Caracas te konvoke tou anbasadè Espayòl la nan Venezyela, Ramon Santos Martinez, pou parèt nan Ministè a vandredi.

Jedi, Minis Defans Espayòl la, Margarita Robles, te eksprime solidarite ak "gason ak fanm nan Venezyela ki te oblije kite peyi yo" akòz "diktati".

Yon Kòmantè ke Mesye Gil te dekri kòm "ensolan ak grosye", li di ke pawòl piman bouk sa yo "temwaye yon deteryorasyon" nan relasyon bilateral 2 peyi yo.

Chèf gouvènman espayòl la Pedro Sanchez te resevwa Jedi Edmundo González Urrutia, kandida opozisyon an ki pèdi eleksyon an dapre rezilta ofisyèl yo men te kriye koken.

Rezilta ofisyèl yo di Maduro genyen eleksyon an sa pral fè twazyèm manda aktyèl prezidan an .

"Mwen byen akeyi li," se sa Mesye Sanchez te deklare, nan yon mesaj ke li pibliye sou X sou Mesye Gonzalez Urrutia ki te rive nan Madrid dimanch.

Misye Sanchez asire ke Espay kontinye "travay pou demokrasi, dyalòg ak dwa fondamantal pèp la nan Venezyela."

Espay, menm jan ak tout eta manm Inyon Ewopeyen an, ap mande piblikasyon rezilta chak grenn vòt ki te fèt nan biwo vòt yo.

Konsèy Elektoral Nasyonal la (CNE) pwoklame Prezidan Nicolas Maduro venkè eleksyon sa a, ak 52% vòt yo.

Men, opozisyon an konteste rezilta sa a ki asire, e yo fè konnen sou baz done yo genyen, ke kandida yo Edmundo Gonzalez Urrutia te jwenn plis pase 60% nan vòt yo.

Nan absans rezilta konplè, peyi Inyon Ewopeyen yo te refize rekonèt rezilta ofisyèl yo.

Etazini, ki deside rekonèt Misye Gonzalez Urrutia kòm prezidan eli, e anonse sanksyon jedi kont 16 moun ki pwòch Nicolas Maduro, ki fè konnen yo te "antrave" dewoulman eleksyon prezidansyèl la nan mwa Jiyè. 28.

Pami yo gen lidè CNE a ak majistra ki gen ladan prezidan Kou Siprèm lan ki valide re-eleksyon Mesye Maduro a, ak pwosekitè a ki te pibliye yon manda arestasyon kont kandida opozisyon an Edmundo Gonzalez Urrutia.

Caracas te rejte imedyatman "ak pi gwo detèminasyon" mezi yo te jije "ilejitim ak ilegal" epi konsidere kòm yon nouvo "agresyon" ke Washington te fè sou yo.