Accessibility links

Breaking News

Venezyela: Prezidan Palman an Pwopoze pou Koupe Relasyon ak Espay


Venezuela Congress
Venezuela Congress

Prezidan palman venezyelyen an, Jorge Rodriguez, pwopoze Mèkredi pou Asanble Nasyonal la adopte yon rezolisyon ki mande prezidan Nicolas Maduro, koupe "tout relasyon" ak Espay, apre kandida opozisyon an te kite peyi a epi mande azil ann Espay.

Rodriguez mande Maduro pou " koupe imedyaman tout relasyon diplomatik, komèsyal ak tout relasyon konsilè" nan moman depite yo ann Espay, adopte yon rezolisyon Mèkredi pou mande peyi Ewòp yo rekonèt kandida opozisyon Edmundo Gonzalez Urrutia kòm "prezidan eli" Venezyela.

Rodriguez, ki te tou chef kanpay Maduro di :

« Se pou tout reprezantan delegasyon gouvènman Wayòm Espay la, tout konsila yo ak tout konsil yo kite isit la pou nou fè moun pa nou li laba a tounen jwenn nou, » se deklarasyon chef kanpay Maduro pou eleksyon prezidansyèl 28 Jiyè a.

XS
SM
MD
LG