Accessibility links

Breaking News

Espay: Depite yo vle pou PM nan rekonèt Edmundo González kòm prezidan Venezyela


(FILES) The Venezuelan opposition presidential candidate for the Plataforma Unitaria Democratica party, Edmundo Gonzalez Urrutia, attends a meeting with health workers in Caracas on June 18, 2024.
(FILES) The Venezuelan opposition presidential candidate for the Plataforma Unitaria Democratica party, Edmundo Gonzalez Urrutia, attends a meeting with health workers in Caracas on June 18, 2024.

Palman peyi Espay adopte yon tèks ki mande Premye Minis Pedro Sánchez pou rekonèt kandida opozisyon Venezyelyen Edmundo González Urrutia, yon refijye nan peyi Espay depi dimanch, kòm venkè nan eleksyon prezidansyèl mwa Jiyè a nan Venezyela kont Nicolas Maduro.

Pwopozisyon an, ke Pati Popilè a (PP) depoze, an palan prensipal gwoup opozisyon zèl dwat la, jwenn vòt 177 depite sou 350.

Lwa sa, kidonk desizyon pou rekonèt González Urrutia kòm Prezidan Venezyela a, gen sèlman yon valè senbolik, kidonk pa pwal gen okenn aksyon pou fè respekte li.

Dokiman sa a mande klèman pou chèf gouvènman sosyalis la, Nicolas Maduro, rekonèt Edmundo Gonzalez Urrutia "kòm venkè lejitim nan eleksyon" 28 Jiyè a kidonk "kòm prezidan eli ak lejitim Venezyela".

Li mande tou pou Sánchez "travay pou rekonèt Edmundo González nan enstitisyon Inyon Ewopeyen an yo ak nan nivo entènasyonal, ak objektif pou garanti ke 10 Janvye 2025, li moute nan pòs li kòm nouvo prezidan Venezyela".

Tèks sa a jwenn sipò tout depite PP ak Vox, ki nan ekstrèm dwat, men sosyalis yo rejte li.

XS
SM
MD
LG