Yon Vil Nan Eta Ohio Chanje apre Plizyè imigran Ayisyen te Debake Ladan l

A mural adorns a wall in the city of Springfield, Ohio

SPRINGFIELD, Ohio (AP) — Plizyè vil Ozetazini chanje akoz prezans anpil migran nan vil sa yo nan dènye ane ki pase yo, e poutan pa gen anpil moun ki remake sa, men prezans migran yo nan vil Springfield nan eta Ohio kreye gwo pale anpil.

Nan vil sila gen rimè ki ap kouri ke imigran ayisyen ap manje bèt vwazen yo.

Donald Trump te repete nan deba prezidansyèl li fas ak Kamala Harris rimè sa yo ki kreye laperèz pou kèk rezidan ayisyen nan vil la.

Trump te pale de migran nan Springfield, san lonje dwèt sou Ayisyen. Li te sèlman vle moutre nan deba a jan migran sa yo ap viv nan peyi a, men otorite nan Springfield di yo pa gen anyen ki ka pwouve akizasyon sa yo.