Migran Ayisyen Ohio: Sa w Dwe Konnen sou Zen Kap Sikile yo

Bansal Oreus ede lot imigran Ayisyen ak dokiman gouvenman an nan Sosyete Sen Vensan de Paul nan vil Springfield, Ohio, 15 Out, 2024.

Kisa ki deklanche kriz la?

6 Septanm yon moun pibliye yon mesaj sou rezo sosyal X ki sanble yon foto mesaj yon moun ki abite nan vil Springfield, eta Ohio te pibliye kont pa li.

Retweet la pale sou "pitit fi vwazen moun nan" ki wè yon chat ki pandye nan yon pye bwa ki sanble yo rachonnen li epi manje l. Mesaj la di sa okenn prèv ke Ayisyen abite nan kay sa a. Foto ki akonpaye mesaj la montre yon nèg nwa kap pote sak sanble pye yon kanna. Moun te kontinye pataje mesaj la sou rezo sosyal yo.

Lendi, kandida vis prezidansyèl Repibliken, Senatè Ohio JD Vance te pibliye yon mesaj sou X kote l di: "Nouvèl ki montre moun ki viktim kidnaping chen ak chat yo ke moun ki pata dwe nan peyi sa a manje. Kote chèf fwontyè a? Li mande. Yon jou apre, Vance pibliye ankò sou X pa rapò ak vil Springfield ke biwo li resevwa plizyè demann rezidan ki di "chan ak chat vwazen yo" oubyen bèt sovaj nan vil la disparèt apre migran Ayisyen kidnape yo. Misye di li posib byen antandi ke tout zen sa yo taka manti."

Lòt Repibliken te pataje menm tip mesaj yo. Pami yo te gen Senatè Ted Cruz ki reprezante eta Texas, ki pibliye yon foto yon gwoup ti mimi ak yon mesaj ki di vote pou Trump "pouke migran Ayisyen yo pa vinn manje nou."

Kèk hè d tan anvan deba Trump ap fè ak Harris Madi, ansyen prezidan an pibliye 2 foto ki gen rapò ak koze a sou rezo sosyal li a. Youn nan mesaj li mete sou Truth Social sete yon foto de limenm ki antoure pa chat ak kanna. Yon lòt foto montre chat ki gen zam nan men yo epi chapo MAGA nan tèt yo.

Kisa Otorite Ohio yo Di Sou Sa?

Biwo manadje vil Springfield, Bryan Heck pibliye yon deklarasyon ki voye jete zen yo.

Deklarasyon an di: "pou reponn zen kap sikile ki akize popilasyon imigran vil nou an de aktivite kriminèl, nou ta renmen klarifye ke pa gen okenn rapò kredib ni akizasyon spesifik sou chat ak chen moun ki ni blese, ni abize pa moun nan kominote imigran nou an.

Lapolis vil Springfield di jounal Springfield News-Sun Lendi ke yo pa resevwa okenn rapo sou chat ak chyen ke moun ni vòle ni manje.

Gouvene eta Ohio, Repibliken Mike DeWine te bay yon konferans pou laprès Madi kote li pale sou pakèt migran Ayisyen ki ap viv Springfield. Li refize pale sou akizasyon yo e li di pito se pou moun mande responsab lokal yo. Sepandan DeWine repete plizye fwa ke li apiye pèp Ayisyen an, kote fanmi li opere yon oganizasyon charite depi lontan.