Etazini ak Angletè Akize Iran Dèske li Voye Misil bay Larisi pou Sèvi Kont Ikrèn

Sekrete d Eta Antony Blinken (a dwat) pandan yon konferans pou lapres ak Sekrete Afe Etranje Britanik David Lammy nan Lond, 10 Sept. 2024.

Etazini ak Angletè akize ofisyèlman Iran dèske lap founi Larisi misil balistik kout pote pou sèvi nan lagè li kont Ikrèn. 2 peyi yo di yo pral pran mezi pou pini tout moun ki konsène.

Sekretè d Eta Antony Blinken di yo pral anonse sanksyon yo pi ta Madi.

Blinken di Larisi "deja resevwa kagezon misil balistik yo e gen anpil chans pou l itilize yo nan semèn kap vini yo kont Ikrèn ak Ikrenyen."

Blinken te pran la pawòl bò kote Minis Afè Etranjè Britanik la David Lammy pandan yon vizit nan Lond.

Blinken ak Lammy tap pare pou yo fè yon vizit ansanm Mèkredi nan Ikrèn kote yo pral rankontre Prezidan Volodymyr Zelenskyy ak lòt responsab wo plase pou diskite sou sistèm defans peyi a.