Accessibility links

Breaking News

Zam Lou Ikrenyen Frape yon Zòn Ki anba Kontwòl Larisi nan Pati Sid Ikrèn


FILE - A Russian serviceman patrols a street in Kherson, amid Russia's ongoing invasion of Ukraine. May 20, 2022.
FILE - A Russian serviceman patrols a street in Kherson, amid Russia's ongoing invasion of Ukraine. May 20, 2022.

Otorite yo nan Larisi ak Ikrèn prezante rapò depaman madi sou yon atak lame ikrenyen an lanse nan rejyon Kherson nan pati sid Ikrèn.

Dapre vèsyon ikrenyen yo, yon misil long pòte tonbe sou yon depo minisyon ris nan Nova Kakhovka, kote li ta touye 52 sòlda ris. Bò kote pa yo, Ris yo fè konnen se batiman sivil atak ikrenyen an frape.

Toujou nan jounen madi a, ministè defans britanik la fè konnen sòlda ris yo kontinye fè pwogrè pitipiti nan pwovens Donbas la, yon rejyon nan Ikrèn kote y ap konsantre efò yo

Dapre ministè britanik la, li posib ke Larisi vle kenbe presyon an sou lame Ikrèn nan pandan l ap “regwoupe e rekonstitye fòs li pou l ka lanse plis atak anvan lontan.”

Otorite yon ban vil Chasiv, nan pwovens Donetsk, deklare kantite moun ki mouri apre yon atak Larisi te lanse sou yon konplèks apatman monte rive 34 e gen 9 lòt moun sekouris yo rive wete anba debri yo. Samdi pase a, yon rocket te kraze apatman an ki te genyen 5 etaj.

XS
SM
MD
LG