Yon Ansyen Konseye 2 Gouvènè Nouyòk Anba Akizasyon Dèske li se yon Ajan Gouvènman Lachin

Avoka Seth DuCharme mache devan ansyen konseye Gouvene Nouyok Kathy Hochul, Linda Sun (mitan) ak mari li, Christopher Hu (a goch) apre yo kite tribinal federal Brooklyn nan, Madi 3 Septanm 2024.

Avoka Akizasyon federal yo di yon ansyen konseye ki te travay pou 2 gouvènè Nouyòk anba akizasyon dèske li tap aji kòm ajan gouvènman Lachin e ke li te kache fèy kouvri sa.

Linda Sun jwenn arestasyon li Madi maten ansanm ak mari li lakay li nan Long Island. Kay yo vo plizyè milyon dola.

Avoka akizasyon yo di Sun te bloke reprezantan gouvènman Taiwanè a pou yo pat gen aksè ak responsab wo plase eta Nouyòk epi jere mesaj gouvènman Nouyòk la pou mete yo konfòm ak priyorite Lachin.

Anvan sa, Sun te okipe pòs nan gouvènman Nouyòk la - pami yo chèf adjwen kabinè gouvènè Kathy Hochul epi ofisye adjwen divèsite pou ansyen gouvènè Andrew Cuomo.