Venezyela: Inyon Ewopeyen pa Rekonèt "Lejitimite Demokratik" Maduro

France EU

Inyon Ewopeyen an pa rekonèt "lejitimite demokratik" Prezidan Venezyelyen an Nicolas Maduro apre re-eleksyon li an Jiyè, se sa chèf diplomasi Ewopeyen an Josep Borrell te anonse Jedi.

Misye Maduro "ap kontinye prezidan peyi a , wi, men yon prezidan defakto. Men, nou pa rekonèt lejitimite demokratik ki baze sou rezilta (elektoral) ki pa ka verifye," se deklaasyon sa Misye Borrell te fè apre yon reyinyon enfòmèl ke minis etranjè Inyon Ewopeyen yo te geneyen nan Brussels.

Yo te poze l kesyon sou siyifikasyon yon desizyon konsa, Mesye Borrell te rekonèt ke Inyon Ewopeyen an ta kontinye gen relasyon ak Venezuela, menm jan li fè ak lòt peyi ke yo pa rekonèt lejitimite demokratik dirijam yo, menm jan ka a sa ye pou Daniel Ortega nan Nikaragwa.

Li te raple ke "Nan lavi diplomatik, nou pa rekonèt gouvènman yo, men pito Eta yo".

Chèf diplomasi 27 peyi yo te pran desizyon sa a apre yo fin tande lidè opozisyon an nan Venezyela, Edmundo Gonzalez Urrutia, ki te rapòte, pa videokonferans, sou sitiyasyon politik peyi l apre eleksyon prezidansyèl 28 jiyè pase a.

Pou rapel rezilta ofisyèl yo di ke se prezidan Nicolas Maduro ki ranpòte eleksyon yo, men opozisyon politik kriye fwòd.