Anbasad Larisi Di Otorite Fransè yo Refize Kolabore Avè yo Sou Arestasyon Patwon Telegram nan

FILE PHOTO: Founder and CEO of Telegram Pavel Durov delivers a keynote speech during the Mobile World Congress in Barcelona

Anbasad Larisi nan Pari akize otorite fransè yo Dimanch kòmkwa yo "refize kolabore" ak Moskou apre arestasyon an Frans Pavel Durov ki se alatèt konpayi rezo sosyal Telegram, yon msye ki gen nasyonalite franse ak ris.

"Nou te mande otorite fransè yo imedyatman pou eksplike rezon ki fè yo kenbe li anba kòd epi nou te reklame pou yo pwoteje dwa li epi pou konsila franse a ka kontakte li. Dapre anbasadè Larisi an Frans la, jis jounen jodi a, pati franse a refize kolabore sou kesyon an".

Pòtpawòl diplomasi Ris la, Maria Zakharova, konfime ke Moskou te mande pou konsila ris gen mwayen kontakte milyadè a ki gen 39 lane".

Nan yon mesaj sou Telegram, Madam Zakharova di ke "anbasad Ris la nan Pari imedyatman te kòmanse travay, jan sa konn abitye fèt " lè gen sitwayen Larisi ki anba kòd nan peyi etranje.

Otorite franse yo te mete yon manda rechèch dèyè Pavel Durov kote anketè vize li pou plizyè ofans nan mesaj ki pase sou Telegram, tankou sa ki gen rapò ak fwod, trafik dwòg, nwizans sou entènèt, krim òganize, ki gen ladan pwomosyon pou teworis ak fwod, dapre yon sous ki konnen istwa a.

Lajistis franse repwoche li deske li pa pati dèyè abone li ki ap sèvi ak app la pou izaj ilegal, antwòt yo akize l kòmkwa li pa mete okenn kontwòl sou mesaj yo e ke li pa kolabore ak anketè yo.