Trump Mete Aksan sou Sekirite Nasyonal, Kritike Demokrat yo Pandan Miting li an Kawolin di Nò

Kandida prezidansyel Repibliken ex-Prezidan Donald Trump rive sou sen nan pou yon miting politik an plen er nan Kawolin di No, 21 Out, 2024.

Donald Trump pran la pawòl dèyè yon vitrin anti-bal nan Kawolin di Nò. Se premye fwa misye tap patisipe nan yon miting politik ki dewoule deyò depi tantativ asasina ki te fèt kont li mwa pase a.

Tèm miting Mèkredi a sete sekirite nasyonal, men misye te kritike predesesè li Barack Obama kòm "mechan" pou komantè li te fè nan Konvansyon Nasyonal Demokrat la Madi swa.

Trump blame Prezidan Joe Biden ak Vis Prezidan Kamala Harris pou retrè twoup yo nan Afghanistan kote anpil moun te mouri, epitou lagè Ikrèn ak Mwayèn Oryan an. Men li te repete plizyè fwa kritik li de rasanbleman Demokrat yo nan Chicago.

Nan vil sa a, plizyè moun ki pran la pawol te atake Trump kòm menas pou peyi Etazini epi di li pata dwe retounen nan Mezonblanch la.