'Tout Moun Sezi' - Majistra Nò Miami Alix Desulme sou Sanksyon Etazini Pran Kont Martelly

  • Jacquelin Belizaire

Your browser doesn’t support HTML5

Majistra North Miami Alix Desulmé Reyaji sou Sanksyon Etazini Pran Kont Martelly

Majistra vil North Miami, Alix Desulme reyaji sou sanksyon Etazini anonse kont ex-prezidan Michel Martelly Madi 20 Out la.

Depatman Trezo Etazini akize Martelly deske li mele nan trafik dwog ak blanchiman lajan.

Desulme, kap asiste Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la nan Chicago, di jounalis VOA ke li resevwa anpil apel bo kote moun ki ta renmen pou l anpeche djaz Konpa Martelly a, "Sweet Micky" vinn jwe nan vil la.