Accessibility links

Breaking News

Amb. Etazini: Nou Bezwen Arete 'Kriminèl ak Kravat yo Menm Jan ak Kriminèl ak Zam'


Anbasadè Ameriken Dennis Hankins Detaye Sanksyon Etazini Pran Kont Michel Martelly
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:23 0:00

Anbasadè Ameriken Dennis Hankins Detaye Sanksyon Etazini Pran Kont Michel Martelly

Anbasadè Ameriken nan peyi d Ayiti, Dennis Hankins reyaji sou sanksyon Depatman Trezo Etazini anonse Madi 20 Out la kont ansyen Prezidan Ayisyen Michel Joseph Martelly. Yo akize Martelly dèske li mele nan trafik dwòg ak blanchiman lajan.

Nan yon konferans pou laprès li bay nan vil Kap Ayisyen, diplomat Ameriken an esplike ke peyi l tap bat pou reyini tout prèv kont ansyen prezidan an anvan l te pran yon desizyon.

Diplomat la deklare gouvenman Ayisyen an ak gouvènman Ameriken an bezwen arete "kriminèl ak kravat yo menm jan ak kriminèl ak zam yo."

XS
SM
MD
LG