Trump Sèmante pou l "Re-Sekirize Peyi Etazini"

Donald Trump ki se kandida a la prezidans pati Repibliken an pale sou krim ak sekirite pandan yon miting politik nan Howell, eta Michigan, 20 Out 2024.

Ansyen Prezidan Donald Trump sèmante pou l "re-sekirize peyi Etazini", pandan li tap mennen kanpay nan eta Michigan. Misye vwayaje Michigan nan moman Demokrat yo rasanble nan Chicago pou nomen ofisyèlman Kamala Harris kom kandida a la prezidans yo epi mete etikèt kriminèl de karyè sou do Trump.

Trump mennen kanpay Madi nan Michigan nan kad jefo lap fè pou pran tèt elektè nan eta yo konsidere tankou "chan batay" epi kontre Konvansyon Nasyonal Demokrat la.

Misye te kanpe bo kote sharif adjwen vil Howell epi deklare Harris, ki te travay kom avoka leta nan vil San Francisco epi apre sa Minis Jistis eta Kalifoni tankou "chèf bann" yon "atak Maksis kont fos de lod yo" toupatou nan peyi a.

Yo te pwomouvwa evenman politik sa a tankou yon lot fason pou Trump tire kontrast ant limenm ak Harris.

Sepandan, menm jan ak evenman li te oganize pou diskite sou ekonomi a ak enflasyon, Trump pase pi fo tan li ap atake vis prezidan an.