Prezidan Meksiken an Kritike Pozisyon Etazini nan Eleksyon Venezyela yo

Mexico President

Prezidan Meksiken an Andres Manuel Lopez Obrador repete kritik yon lòt fwa ankò sou pozisyon Etazini nan kriz apre eleksyon ki te dewoule nan fen mwa Jiyè a nan Venezyela.

Brezil ak Kolonbi mande yon nouvo eleksyon prezidansyèl pandan opozisyon an konteste rezilta ofisyèl ki di se prezidan Nicolas Maduro ki genyen dènye eleksyon an.

Devan laprès prezidan Meksiden an deklare "Eleksyon an fèt dimanch, e lendi oswa madi, Sekretè Deta Etazini an [Antony Blinken] bay non kandida ki genyen an. Ak tout respè ke m gen pou li, kiyès mesye sa ye pou se li ki dwe di kiyès ki genyen?"

Depi nan konmansman zafè sa a, eleksyon prezidansyèl nan Venezyela a, nou wè Etazini chwazi yon kan pou li apiye. »

Konsèy Elektoral Nasyonal la (KNE) ratifye viktwa Prezidan Maduro a nan kòmansman mwa Daout ak 52% vwa.

Daprè opozisyon an ki pibliye pwosè vèbal pa li, se kandida li Edmundo Gonzalez Urrutia, ki genyen vòt la ak 67% vwa, yon rezilta ke Maduro rejte.