Venezyela: Kolonbi ak Brezil anfavè yon Nouvo Eleksyon Prezidansyèl

CELAC summit in Kingstown

Brezil ak Kolonbi pwopoze jedi pou gen yon nouvo eleksyon prezidansyèl nan Venezyela pou peyi a kapab soti nan yon kriz ki la depi rezilta dènye eleksyon fen mwa Jiyè a ke Maduro te genyen, e ke opozisyon an konteste. Opozisyon an rejte pwopozisyon an kote li akize prezidan an kòmkwa li ap "jwe ak lavi dè milyon" Venezyelyen lè li bloke yon "tranzisyon politik" nan peyi a.

Lidè opozisyon an Maria Corina Machado rejte apèl sa yo imedyatman nan entèvyou ak medya Chilyen ak Ajanten. Li di: "Pwopoze pou yo pa konte sa ki te pase nan jou eksyon 28 Jiyè a, pou mwen se derespekte Venezyelyen (...), yo dwe respekte vwa pèp souvren an".

Apre sa nan lannwit, opozisyon an pibliye yon videyo kote li lanse "yon apèl bay Nicolas Maduro: respekte volonte pèp Venezyelyen an, w ap jwe ak lavi dè milyon konpatriyòt!"

"Ekonomi peyi a ap vin pi mal chak jou ki pase san yon solisyon politik, epi trajedi sa a se responsablite w (...) ou dwe respekte volonte pèp la epi pèmèt yon tranzisyon pou rive nan yon gouvènman ki kapab retabli konfyans epi ouvri pòt devlopman ekonomik".

Misye Maduro, ki akize 2 lidè yo k ap viv nan kache depi 2 semenn kòmkwa yo vle fè yon koudeta, deklare: "Konfli yo nan Venezyela (...) dwe jwenn solisyon ant moun Venezyela, ak enstitisyon yo, ak lwa yo, ak Konstitisyon yo a".

Prezidan an, ki te al devan Tribinal Siprèm nan pou "valide" viktwa li a, toujou pa vle reyaji sou deklarasyon ki soti nan peyi etranje yo, li di: "Nou pa pratike diplomasi mikwofòn. Chak prezidan, chak Eta, chak peyi konnen kisa li dwe fè nan zafè entèn lakay li.