Venezyela
Venezyela: Omwen 8 Moun Mouri Caracas nan yon Eksplozyon Gaz
Otorite Venezyelyen yo te di madi ke yon eksplozyon gaz te lakòz efondreman yon kay nan yon katye popilè nan Caracas, dapre rapò omwen 8 moun pèdi aksida sa.
Hector Rodriguez, gouvènè eta Miranda, ki gen ladann gwo distri Petaré a, ke yo te konsidere kòm pi gwo bidonvil nan Amerik Latin nan di "2 kay yo pasyèlman afekte pa ensidan an. Malerezman, gen 8 moun ki mouri, pami yo 2 ti bebe."
Sekouris te rive sove "22 moun yo epi yo mennen nan diferan sant".
Otorite yo pa bay yon vèsyon ofisyèl sou ensidan an. Medya lokal yo rapòte akimilasyon gaz ki soti nan yon fuit.
See all News Updates of the Day
Etazini Rekonèt Kandida Opozisyon Venezyela a Kòm Prezidan Eli Peyi a
KARAKAS, Venezyela (AP) — Gouvènman ameriken an rekonèt kandida opozisyon Venezyelyen an, Edmundo González, kòm "prezidan eli" peyi Amerik di Sid la, plizyè mwa apre Prezidan Nicolás Maduro te deklare li genyen eleksyon jiyè a.
Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken te rekonèt González madi nan yon pòs sou X kote li te mande tou "respè pou volonte" elektè Venezyelyen yo.
Administrasyon prezidan ameriken an, Joe Biden, di González te genyen plis vòt nan eleksyon 28 jiyè a, men li pa rekonèt li kòm prezidan eli.
Venezyela : Maduro Bay TikTok 72 Zèdtan pou Retire Kèk Kontni Sou Platfòm li
Prezidan Venezyela a, Nicolas Maduro, bay TikTok 72 zèdtan lendi pou retire kontni ki ankouraje defi danjre yo apre lanmò 2 timoun nan peyi a, sinon li pral pran "sanksyon sevè".
Videyo "tchalendj" yo trè popilè sou rezo sosyal yo e yo konn mande moun fè aksyon ki ka mennen lanmò, tankou ekspoze tèt yo a pwodwi toksik.
Defi M. Maduro ap kritike yo, nan ka sa a, enplike pran medikaman.
"Yon tifi 12 lane, ki ale lekòl nan yon lise piblik, mouri jodi a (lendi) nan Petare (nò) paske li vale (medikaman) e li te swiv sa yo rele defi yo (...), tifi a te rive pale pandan li t ap fè kriz epi li di li te wè yo sou TikTok," prezidan an te di pandan emisyon li an “Avèk Maduro”.
Yon jèn gason 14 lane mouri tou apre li te eseye fè youn nan defi sa yo "ki ap sikile sou TikTok", li te ajoute.
Nicolas Maduro mande prezidan regilatè telekominikasyon Venezyela a pou kontakte responsab TikTok nan rejyon an, epi li bay 72 zèdtan pou platfòm la retire "defi sa yo ki abizif epi kriminèl".
"M vle chèf (rejyon) Amerik Latin nan ki abite Meksik la, konnen: lanmò timoun sa yo se responsabilite w, paske se TikTok ki ap pibliye sa yo," M. Maduro te di an kòlè.
Li te avèti TikTok pral sibi "sanksyon sevè" pou "defann" entegrite timoun yo si li pa respekte lòd sa a, pandan li denonse "kriminèl TikTok yo".
Prezidan an ankouraje paran timoun ki ap itilize rezo sosyal yo pou yo veye aktivite pitit yo sou entènèt.
Yon ankèt ouvè nan Venezyela sou ka sa yo.
Nicolas Maduro te deja pran mezi kont rezo sosyal yo: 8 dawout, li te bay lòd pou sispann X (ansyen Twitter), li te akize li kòm responsab dezòd ki te fèt apre reyeleksyon konteste li a 28 jiyè.
X te retounen disponib pou itilizatè prive kèk semenn apre sa, men aksè a toujou limite pou anplwaye konpayi nasyonal telekominikasyon Cantv.
M. Maduro te tou mande pou moun sispann sèvi ak aplikasyon WhatsApp, li te efase aplikasyon an sou telefòn li 6 dawout, selon imaj televizyon yo te montre.
Venezyela ak Larisi Siyen Akò Militè ak Petwòl
Venezyela ak Larisi te siyen jedi yon seri akò militè, espesyalman nan domèn entèlijans, ansanm ak akò petwòl ki, selon prezidan venezyelyen Nicolas Maduro, simante "chemen koperasyon" ant 2 peyi yo.
"Avek akò epi kontra sa yo nou siyen, nou ap simante epi ranfòse chemen inyon ak koperasyon ant Larisi ak Venezyela pou rès ane kap vini yo, jouk 2030 menm pi lwen," se sa Maduro te di pandan yon seremoni nan palè prezidansyèl la nan Karakas, nan fen yon reyinyon ant delegasyon 2 peyi sa yo ki se pwòch alye.
Vis-prezidan Larisi Dmitri Tchernichenko te anvan sa souliye volonte peyi li pou reponn "konplètman" a "bezwen fòs lame venezyelyen an" nan founi yo "zam ak ekipman militè ki plis sofistike," selon tradiksyon deklarasyon li an pa televizyon piblik venezyelen an.
Pami 17 akò yo, de peyi yo te siyen yon dokiman koperasyon sou "itilizasyon dwòn" ak "kesyon entèlijans ak kont espyonaj".
Sou bò pa li, vis-prezidan venezyelyen Delcy Rodriguez te remèsye prezidan ris Vladimir Poutine pou sipò li nan "ekipman" fòs lame venezyelyem yo e pou koperasyon li nan ede " pwoteje" sou "entegrite teritoryal" ak "souverènte nasyonal" peyi a.
Pati yo te siyen tou akò sou "fòmasyon ak konsèy teknik" nan domèn enèji ansanm ak sou "bay sèvis petwòl ak teknoloji pou rekiperasyon petwòl brit," se sa moderatè reyinyon an te deklare.
Venezyela Raple Anbasadè li nan Brezil pou Konsiltasyon
Venezyela raple anbasadè li a nan Brezil pou konsiltasyon mèkredi, epi li te fè apèl a chaje dafè Brezil la nan Karakas, pandan tansyon an ap ogmante ant de peyi yo apre veto Brezil la sou antre Venezuyela nan gwoup Brics la semenn pase a.
"Nou te deside fè apèl ijan ak anbasadè (venezyelyen an) Manuel Vadell pou konsiltasyon (...) Nou te fè apèl jodi a a chaje dafè (...) Brezil," selon tèks kominike Ministè Afè Etranjè Venezyela a.
"Nou denonse konpòtman irasyonèl diplomat Brezilyen yo ki, malgre apwobasyon lòt manm Brics yo, te adopte yon politik blokaj," tèks la kontinye.
Karakas voye jete tou "ak tout fòs li tout entèferans ki ap fèt souvan ak deklarasyon grosye ki soti nan men pòtpawòl gouvènman Brezil la, espesyalman sa yo ki soti nan men konseye espesyal pou Afè Etranjè, Celso Amorim (...) ki konpòte li plis kòm yon mesaje pou enperyalis ameriken an."
Ministè Afè Etranjè Brezilyen an pa gen okenn plan pou pran mezi resipwòk pou kounye a: "Nou pral kontinye evalye" sitiyasyon an, se sa yon fonksyonè nan ministè a ki pa t vle non l site te di bay AFP.
Prezidan Asanble Nasyonal la, Jorge Rodriguez, youn nan moun ki pi pwisan nan pouvwa venezyelyen an, te pwopoze pou deklare M. Amorim "persona non grata", akize li espesyalman pou "enjerans" ak "atitid feblès san parèy li devan plan agresif enperyalis" ameriken an.
Antòtye nan yon kriz ekonomik ki san bout, ki vin pi grav ak sanksyon ameriken, Karakas te vreman swete antre nan Brics pandan somè ki te fèt nan Kazan (Russie) semenn pase a. Malgre sipò Larisi, li te fè fas ak veto Brazilia.
Karakas te reyaji ak fòs sou veto Brezil la vandredi ak yon kominike ki pat mete dlo nan bouch li pou pale de : "agresyon", "jès ostil", "ineksplikab ak imoral".
Prezidan Nicolas Maduro te mande tokay brezilyen li, Lula, pou li pran pozisyon parapò ak ministè afè etranjè Brezil la, ki dapre li se "yon pouvwa anndan pouvwa brezil la depi anpil ane (...) ki toujou konspire kont Venezuela (...) ki mare sosis li ak Depatman Deta ameriken an depi epòk koudeta kont (Prezidan brezilyen) Joao Goulart an 1964."
Venezyela : Volontè Opozisyon an k ap "Defann Vòt yo" Pè Represyon
" Yo ap pwiv nou, yo ap siveye nou” : akize kòm "teyoris" pa otorite yo, "comanditos" yo, ti gwoup volontè opozisyon venezyelyen an ki te kreye pou eleksyon prezidansyèl 28 jiyè a, ap viv nan lapèrèz depi reyeleksyon konteste Nicolas Maduro.
Gwoup sa ki te lanse pandan kanpay la, "comanditos" yo, ki gen 70,000 manm, te gen kòm objektif pou mobilize elektè yo pou vòt la, òganize travay lojistik tankou pote manje oswa dlo pou moun ki ap veye vòt la, oswa transpòte moun ki pral vote nan biwo vòt yo.
Youn nan misyon prensipal yo te se pou rekipere pwosè vèbal nan chak biwo vòt pou jwenn dekont detaye vòt la.
Prezidan Nicolas Maduro te pwoklame kòm gayan eleksyon yo ak 52% vwa pa Konsèy Nasyonal Elektoral (CNE), yo konsidere ki ta kòmkwa anba lòd pouvwa a e ki pa t pibliye pwosè vèbal biwo vòt yo, yo te fè konnen yo viktim pirataj enfòmatik, sa opozisyon an twouve ki pa kredib.
Opozisyon an afime "comanditos" yo te rasanble anviwon 80% nan pwosè vèbal yo, e kandida yo, Edmundo Gonzalez Urrutia, te genyen eleksyon prezidansyèl la ak plis pase 67% nan vòt yo. Ki kounye a twouve l nan mawon nan peyi Lespay akoz manda arestasyon yo mete dèyè l, alòske M. Maduro te fè kwè Madam Machado tou te kite peyi a.
Dapre sous ofisyèl, plis pase 2,400 moun te jwenn arestasyon yo pandan manifestasyon ki te vin apre anons viktwa M. Maduro. Sa te lakòz tou 27 moun mouri, pami yo de manm fòs lòd yo.
Yo akize moun yo te arete yo kòm "teroris", pandan prezidan Maduro te souvan atake "comanditos" yo, li akize yo kòm "kriminèl" ki responsab vyolans ak "tantativ koudeta".