Venezyela: CIDH di li Pè Pou Lavi yon Lidè Opozisyon ki Anba Kòd

Williams Dávila, diputado opositor venezolano en la Asamblea Nacional

Komisyon Entè-Ameriken pou Dwa Moun (IACHR) di Mèkredi 14 dawout la ke li pè pou lavi ansyen depite Venezyelyen Williams Davila, ki te jwenn arestasyon li semèn pase a pandan yon rasanbleman anti-Maduro epi li entène lopital nan "kondisyon grav" daprè sa fanmi li di.

Nan yon nòt pou laprès li pibliye IACHR te mande Caracas "pou adopte mezi ki nesesè pou garanti lavi, entegrite pèsonèl ak sante" lidè opozisyon an.

Mesye Davila, ki gen 73 an te entène lopital nan "kondisyon grav" nan Caracas, se sa pitit gason l 'Williams Davila Valeri te di Mèkredi sou X, li di ke li gen "yon gwo lafyèv, li dezidrate e li gen yon enfeksyon irin ki tounen pwostatit ".

Williams Davila Valeri te di AFP, ensiste ke papa l "anba gad Sebin" ki se Sèvis Entèlijans Bolivaryen e depi lè sa a, "nou poko rive wè li" .

Ansyen depite a te jwenn arestasyon li jedi apre yon veye opozisyon an te òganize sou yon plas nan Karakas pou mande pou yo libere "prizonye politik" Venezyela yo.

Plis pase 2,400 moun te jwenn arestasyon yo pandan manifestasyon ki te konteste re-eleksyon Nicolas Maduro nan dat 28 jiyè a.