NY Times: Hunter Biden te Chèche Èd Gouvènman Ameriken pou Konpayi Gaz Ikrenyen Burisma

Hunter Biden

WASHINGTON (AP) — Hunter Biden te mande yon anbasadè ameriken an nan peyi Itali pou l ede nan yon pwojè enèji pou yon konpayi gaz Ikrenyen pandan papa l te vis prezidan Etazini.

New York Times rapòte ke Biden te voye yon lèt bay anbasadè a an 2016 kote li t ap chèche asistans pou konpayi Ikrenyenyen Burisma. Jounal la mansyone tou yon lòt dokiman ke yo jwenn sou dosye sa a.

Yon biznisman te di jounal Times ke Burisma te gen pwoblèm pou jwenn apwobasyon regilasyon pou yon pwojè jeotèmik nan peyi Itali.