Gaza: Izrayèl Pral Voye Chèf Entèlijans li yo al Negosye nan Doha Jedi

Election 2024 Trump Netanyahu

Premye Minis Izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, anonse Mèkredi ke li te apwouve depa yon delegasyon Izrayelyen pou al negosye nan Doha yon akò sou liberasyon otaj yo an echanj pou yon seselfe nan Gaza.

David Barnea, chèf Mossad, entèlijans etranje Izraelyen yo, chèf Shin Bet, sekirite entèn Izraelyen yo ak yon konseye espesyal pou Netanyahu pral patisipe nan chita pale yo.

Demand chita pale sila te fèt pa medyatè, Katar, Etazini ak Lejip la dapre sa Biwo Premye Minis la te di AFP.