Lame Ikrenyen Kontinye Avanse sou Teritwa Ris

Russia Ukraine War F16 Zelensky

Prezidan Ikrenyenyen an Vladimir Zelensky di Mèkredi, uityèm jounen ofansif san parèy lap mennen nan Larisi - ke Moskou te pwomèt pou bloke lame Ikrenyen an men l ap kontinye avans li nan rejyon fwontyè Ris la nan Kursk.

Zelensky te di sou Telegram "plis pase 100 sòlda Ris te vin prizonye nou" Mèkredi sa a.

Li ajoute: "Nou kontinye pwogrese nan rejyon Kursk la depi kòmansman jounen an, nou te kouvri ant youn ak de kilomèt nan diferan zòn."