Iran Rejte Apèl Peyi Ewopeyen Lanse pou l Pa Atake Izrayèl

Yon Palestinyen pote dey pou 2 marasa ki te gen 4 jou selman e ki mouri nan bonbadman Izrayel fe nan Gaza, 13 Out, 2024.

Iran rejte apèl 3 peyi Ewopeyen lanse ba li Madi pou mete dlo nan diven li epi evite lanse atak revanj ki takapab agrave pi plis tansyon rejyonal la. Iran deklare se yon "deman eksesiv."

Lidè Angletè, La Frans ak Almay pibliye yon kominike konjwen Lendi ki mande Iran ak alye li yo pou yo pa pran revanj pou asasina lidè politik Hamas la, Ismail Haniyeh. Misye te mouri nan Teheran mwa pase a. Iran blame Izrayèl pou asasina a.

Lidè Ewopeyen yo andose tou nouvo tantativ medyatè Katar, Ejipt ak Etazini lanse pou jwenn yon ako pou mete fen nan konfli Izrayelo-Hamas la. Negosyasyon yo ta sipoze reprann Jedi. Yo mande tou retou plizyè otaj Hamas kenbe epi livrezon "san konplikasyon" asistans imanitè pou Gaza.

Medyatè yo pase lizyè mwa ap eseye pran tèt pti yo pou yo dako sou yon plan kap gen 3 faz kote Hamas ta lage rès otaj li kenbe yo kel te kaptire 7 Oktob ann echanj pou Palestinyen ki fèmen nan prizon Izrayelyen. Apre sa, Izrayèl ta rale ko li soti Gaza.

Apre plis pase 10 mwa lagè, bilan viktim Palestinyen an prèske rive nan 40,000 moun, dapre sa Ministè Sante a di.