Larisi Kritike Atak Ikren nan Rejyon Sidwes la Tankou yon 'Pwovokasyon Lajman Laj'

Nan foto sa a ke Ministe Defans Ris la pataje ak lapres, yon solda Ris tire yon misil D-30 howitzer kont pozisyon Ikrenyen yo yo kote yo pa presize, 7 Out, 2024.

Prezidan Ris la, Vladimir Putin dekri atak Ikrenyen nan rejyon sidwès ki rele Kursk la tankou yon "pwovokasyon lajman laj". Otorite Ris yo di yap goumen sou fwontyè a pou dezyem jounen youn apre lot.

Otorite Ikrenyen yo pa di krik sou operasyon yap mennen an. Si yo rive konfime l, atak la, ki travèse fwontyè a se ta pi gwo atak Ikrèn lanse depi envazyon Ris la te tanmen nan mwad Fevriye 2022. Se yon kalite atak ki san presedan pa rapo ak deplwaman inite militè Ikrenyen yo.

Li posib objektif Kyèv ap pousuiv se lolo rezèv Ris yo pou yo vinn nan zon nan epi potansyèlman fevli operasyon ofansiv Moskou yo nan divès rejyon Donètsk ki sitye nan ès Ikrèn.

Sepandan sa riske tou mete presyon sou twoup Ikrenyen yo sou liy de fwon an.