Accessibility links

Breaking News

Bato Ris 'Baltic Fleet' Rive Venezyela


Russia's Baltic Fleet starts naval drills in Baltic Sea
Russia's Baltic Fleet starts naval drills in Baltic Sea

Anbasad Larisi nan Venezyela di bato de gè Smolnyy Ris "Baltic Fleet" akoste nan pò Guaira, madi 6 out la.

Dapre anbasad la, arive bato ris la nan peyi a fè pati yon inisyativ pou ranfòse lyen bilateral ant Larisi ak Venezyela, ki ap kolabore nan plizyè sektè tankou enèji, touris, agrikilti, ak ekonomi, nan mitan touman politik ki genyen Venezyela apre eleksyon prezidansyèl yo semèn pase a.

Videyo Reuters te jwenn, te montre ofisyèl Larisi sou bato a anvan yo desann nan pò a.

An jiyè, plizyè veso militè Ris te akoste nan Venezyela, sa ki te demontre koperasyon militè-teknik ant 2 nasyon yo.

Bato Smolny te kanpe Kiba, yon lòt alye kle Larisi, anvan li te rive nan Venezyela.

XS
SM
MD
LG