Jistis: Avoka Akizasyon yo di Yon Biznisman Woumen te Anboche Hunter Biden Pou Eseye 'Enfliyanse' Ajans Ameriken yo

Hunter Biden-Fox News Lawsuit

WASHINGTON (AP) — Pwokirè yo deklare ke gen yon biznisman woumen ki te anboche Hunter Biden. Objektif anbochan sila se te pou eseye "enfliyanse ajans gouvènman ameriken yo" pandan manda Joe Biden lè li te vis prezidan Etazini.

Akizasyon an parèt nan dosye yo te depoze nan tribinal Mèkredi nan kad dosye legal enpo ke lajistis genyen kont pitit gason prezidan Biden nan.

Ekip avoka espesyal la David Weiss di asosye biznis Hunter Biden a pral temwaye nan pwochen pwosè taks federal pitit gason prezidan an sou aranjman li te genyen ak egzekitif Woumen an, Gabriel Popoviciu.

Yon avoka Hunter Biden pa t reponn imedyatman a yon demann AP pou fè kòmantè.

Akizasyon yo gen anpil chans pou pote yon nouvo vag kritik kont kontra biznis etranje Hunter Biden te genyen, ki te sant yon envestigasyon Repibliken sou fanmi prezidan an.