Venezyela: Brezil, Kolonbi ak Meksik nan Chita Pale ak ni Gouvènman an, ni Opozisyon an

Venezuela Election

CARACAS, Venezyela (AP) — Yon gwo ofisyèl Meksiken fè konnen kèk jou apre eleksyon prezidansyèl ki te fè nan Venezyela, ofisyèl peyi Brezil, Kolonbi ak Meksik yo toujou an kontak ak reprezantan prezidan venezyelyen an Nicolás Maduro epitou kandida opozisyon an Edmundo González, k ap chèche yon solisyon nan kriz politik peyi a.

Ofisyèl la, ki te fè pati diskisyon yo, di 3 nasyon yo, ki gen aktyèl prezidan goch yo se alye Maduro, e yap fè konvèsasyon ak tou 2 pati yo.

Men, ofisyèl la te refize karakterize chita pale sa yo kòm medyasyon fòmèl.

Ofisyèl la te di 3 peyi yo rekòmande gouvènman an ak opozisyon an swiv lwa Venezyelyen yo epi parèt devan enstitisyon apwopriye yo pou fè apèl kont nenpòt pati nan pwosesis la.